Adaptasyon radyofonik woman Jacques Roumain « Gouverneurs de la rosée » Radyo Ayiti te fè a. Jean Dominique ak Madeleine Paillère ekri adaptasyon an epi se yo menm ki tradwi dyalòg la an kreyòl. Yo anrejistre l nan Petit Théâtre d'Haïti Inter nan lane 1972 ak 1973. Li gen ladan l vwa Rassoul Labuchin k ap jwe wòl Manuel, Jessie Alphonse k ap jwe wòl Anaïse, Sylvie Auguste k ap jwe wòl Délira Délivrance, Anthony Pascal (Konpè Filo) nan wòl Bienaimé, Ézéchiel Abélard nan wòl Laurelien Laurore, Fritz Polynice nan wòl Simidò, Réginald Jean-Pierre nan wòl chèf seksyon Hilarion, Yvon Bastien nan wòl Gervilen, ak Kesner Aubry nan wòl Larivoire. Narasyon Jean Dominique. Avèk mizik tèm Amos Coulanges, ak Yole Ladan ansanm avèk koral Radyo Ayiti k ap chante. Nan lane 2007, Fondasyon Eko Vwa Jean Dominique te soti adaptasyon radyofonik sa a ankò sou kat CD pou komemore 100yèm anivèsè Jacques Roumain. Katriyèm tranch lan soti nan mitan douzyèm chapit la rive nan fen liv la.
Radio Haiti's adaptation of Jacques Roumain's GOUVERNEURS DE LA ROSÉE (MASTERS OF THE DEW). It was adapted for radio and the dialogue translated into Haitian Creole by Jean Dominique and Madeleine Paillère, and was recorded in the Petit Théâtre d'Haïti Inter in 1972 and 1973. Featuring Rassoul Labuchin as Manuel, Jessie Alphonse as Anaïse, Sylvie Auguste as Délira Délivrance, Anthony Pascal (Konpè Filo) as Bienaimé, Ézéchiel Abélard as Laurelien Laurore, Fritz Polynice as Simidor, Réginald Jean-Pierre as the chef de section Hilarion, Yvon Bastien as Gervilen, and Kesner Aubry as Larivoire. Jean Dominique narrates. Featuring theme music by Amos Coulanges and singing by Yole Ladan accompanied by the Radio Haiti choir. A four-CD set of the production was released in 2007 by the Fondation Eko Vwa Jean Dominique to commemorate the 100th birthday of Jacques Roumain. Part four covers the second half of chapter 12 through the end of the book.