Aktyalite kotidyen: Yon avyon ki soti nan Naso fè aksidan nan Fonbatis, zòn Akayè, 22 avril 1980. Pilòt venezyelan an mouri nan aksidan an. Anpil fanm k ap travay nan faktori Rawlings kote yo fè bèzbol pral revoke ant 15-30 me, paske konpayi a pito mandèv chinwa ki pi bon machè. Claude Lambert, responsab Siman d Ayiti, deklare li pral revoke travayè si yo kontinye fè "parese ak neglijan." Yo pran Sylvio Claude, responsab pati PDCH, nan selil li nan Penitansye Nasyonal pou mete l nan yon lopital sikiyat. Nan Tomasen, yon manm VSN te mouri anba petèt -- petèt li touye tèt li. Nan de tranch, Jean Dominique entwodwi nouvo seri l, "Cette Caraïbes qui est notre." Li deklare ke tout payi Karayib yo dwe okouran sa k ap fèt nan rejyon an, paske rejyon Karayib la kòmanse fè plis inite epi li kòmanse ap rejte dominans Etazini (sitou nan ka gouvènman Castro nan Kiba, sandinis yo nan Nikaragwa, Maurice Bishop nan Lagrenad, Michael Manley nan Jamayik, epi PRD nan Repiblik Dominikèn).
Daily news: A plane from Nassau has crashed near Fond-Baptiste, near Arcahaie, on April 22, 1980, killing its Venezuelan pilot. Many women working at the Rawlings baseball factory will be laid off between 15-30 May, as the company prefers cheap Chinese labor. Claude Lambert of Ciment d’Haïti has threatened to lay off workers if they continue to exhibit “laziness and negligence.” Sylvio Claude, the leader of the PDCH, has been moved from his cell at the National Penitentiary to a psychiatric hospital. In Thomassin, a member of the VSN was shot to death, possibly by suicide. In two segments, Jean Dominique introduces his series, “Cette Caraïbes qui est notre,” describing how countries of the Caribbean should be aware of what is happening across the region, as the Caribbean is “in revolt against its past…” as well as its present. Dominique describes the Carter administration's policy toward the Caribbean region, as the Caribbean evinces increasing regional cohesion and alternatives to US dominance (particularly as represented by the Castro government in Cuba, the Sandinistas in Nicaragua, Maurice Bishop in Grenada, Michael Manley in Jamaica, and the PRD in Dominican Republic).