(00:00:22) Radyo Ayiti an egzil, sou WNYE, Nouyòk. Anons kominotè sou papye imigrasyon ak dokiman konsènan sityasyon aktyèl an Ayiti. Entèvyou avèk Joe Etienne, responsab Haitian Centers Council, sou desizyon yon kou apèl fè nan Miyami sou kesyon depòtasyon refijye ayisyen. Li di moun yo poko dwe panike paske desizsyon an poko final. Nan landemen 24 septanm pral genyen yon mach devan Downstate Medical Center òganize pa Komite Ayisyen Kont Pwopagann AIDS (KAPAIDS) pou manifeste kont pwopagann anti-ayisyen pa rapò ak SIDA. Jean Dominique dekri konfli ant jounal Petit Samedi Soir, ki soti yon edisyon espesyal sou kesyon siksesyon prezidansyèl, ak jounal divalyeris Panorama anba direksyon Paul Blanchet. Kokenn pete nan lari Pòtoprens aprè edisyon an soti. Anrejistreman an koupe, men w ap jwenn lòt repòtaj sou sa nan RL10059CS0809_01 nan 00:40:02 1983-09-23 (00:14:07) Repòtaj Lè Ayisyen sou Firmin Joseph, yon redaktè jounal ayisyen, ke yo asasine 21 septanm 1983 nan Brooklyn 1983-09-23
(00:00:22) Radio Haiti in exile, on WNYE, New York. Specific community announcements concerning immigration paperwork and documents about the current situation in Haiti. Interview with Joe Etienne of the Haitian Centers Council on the decision of an appeals court in Miami regarding the deportation Haitian refugees. He says that people should not panic, because the decision is not final yet. There will be a march tomorrow, September 24, at Downstate Medical Center organized by the Komite Ayisyen Kont Pwopagann AIDS (KAPAIDS), protesting anti-Haitian propaganda around AIDS. Jean Dominique describes conflict between Petit Samedi Soir, and its special issue on the question of presidential succession, and Duvalierist newspaper Panorama under Paul Blanchet. The special issue caused much noise on the street of Port-au-Prince Recording cuts off; more about this can be found on RL10059CS0809)02 at 00:40:02 1983-09-23 (00:14:07) L'Heure Haïtienne's report on the September 21, 1983 shooting death of Haitian newspaper editor Firmin Joseph in Brooklyn 1983-09-23