Frè yon dam ki rele Marie Claire Florence Carré dekri jan yon sètèn Louis Bonnaire t ap file sè l la, aprè sa, lè fanmi a pa t dakò relasyon an, li te touye fi a avèk anpil anpil vyolans. Dapre frè a, Bonnaire se yon asasen li ye, ki te touye pa sèlman Florence, li te touye yon timoun Gonayiv tou, epi li te patisipe nan lenchaj Gwo Féfé (Félix Bien-Aimé). Otorite yo te arete Bonnaire epi yo mete l nan prizon, men misye konn deklare se yon sitwayen dominiken oubyen kanadyen pou l libere. Sepandan, se ayisyen li ye, nèg Gonayiv. Fanmi Florence Carré mande jistis.
Le frère d’une femme, Marie Claire Florence Carré, décrit dans quelles circonstances sa sœur a été tuée. Un certain Louis Bonnaire lui faisait la cour, mais la famille n’approuvait pas cette relation, et Bonnaire a alors assassiné la jeune femme. D’après le frère, Bonnaire est un criminel. Il n’a pas seulement tué sa sœur Florence, mais aussi un enfant des Gonaïves et il a participé au lynchage de Gros Féfé (Félix Bien-Aimé). Les autorités ont arrêté Bonnaire et l’ont mis en prison. Mais il a déclaré être Dominicain ou Canadien pour pouvoir être libéré. Mais, il est Haïtien, des Gonaïves. La famille de Florence Carré demande justice.