Patrick Elie avèk Carl Henri Guiteau, ki se de manm Fondasyon Eko Vwa Jean Dominique fè yon ranmase sou sityasyon politik nan lane 2001. Dapre Elie, fòk nou tounen nan lane 2000 -- asasina Jean Dominique nan mwa avril, epi eleksyon 21 me epi kriz ki te deklanche akòz eleksyon yo -- pou konprann ki jan sityasyon politik Ayiti a ap dewoule nan lane 2001. Kriz politik la se sèlman "kriz aparan" an; "manman kriz la" pi fon, epi li soti nan "divòs" ant klas politik la avèk popilasyon an, "plan ameriken" pou Ayiti a (eliminasyon kochomn kreyòl la, privatizasyon, koudeta 1991 lan, elatriye), enpinite, avèk lòt koze ki anpeche yo "chanje leta."
Patrick Elie et Carl Henri Guiteau, de la Fondation Eko vwa Jean Dominique, font un bilan de la situation politique en 2001. D’après Elie, il faut retourner en 2000 -- l’assassinat de Jean Dominique en avril, les élections du 21 mai, la crise déclenchée par les élections -- pour comprendre la situation politique en 2001. La crise politique est seulement une crise apparente. La crise principale est plus profonde, elle vient du divorce entre les classes politiques et la population, du « plan américain » pour Haïti, de l’impunité, et de toutes ces causes qui empêchent de changer l’État.
Patrick Elie and Carl-Henri Guiteau of Fondation Eko Vwa Jean Dominique reflect on the political events of 2001. According to Elie, one has to return to 2000 -- to the assassination of Jean Dominique in April and the elections of 21 May and the ensuring crisis -- to understand how Haiti's political situation unfolded in 2001. The current political crisis is only the "surface-level crisis" (kriz aparan); the source of the crisis (manman kriz la) is much deeper, and goes back to the longstanding "divorce" between the political class and the population, the "American plan" for Haiti (which includes the destruction of the Creole pig, privatization, and the 1991 coup d'état, etc.), impunity, and other factors that have made it impossible to "change the State."