Eleksyon novanm 1987: Vyolans, brigad vijilans nan lavèy eleksyon yo, Pòtoprens ak Gonayiv
-
Download
- Rights
- Files (1)
- MP3
- Please be patient with media downloads. They are often large files.
-
Share
Embed CodePermalink
- Skip to Item Info
Item Info
- Title:
- Eleksyon novanm 1987: Vyolans, brigad vijilans nan lavèy eleksyon yo, Pòtoprens ak Gonayiv
- Alternative Title:
-
- Élections du novembre 1987 : Violence et brigades de vigilance à la veille des élections, Port-au-Prince et Gonaïves
- November 1987 elections: Violence and vigilance brigades on the eve of the elections, Port-au-Prince and Gonaïves
- Speaker:
- Date:
-
- November 24, 1987
- November 25, 1987
- November 26, 1987
- Description:
-
(00:00:00) Yon dam nan Kafou-Fèy dekri jan makout yo ap fè popilasyon katye a menas pandan peryòd anvan eleksyon 29 novanm 1987 yo, epi jan popilasyon an ap reziste kont menas sila yo. "Pa gen plas pou makout," li deklare. "Nou pa pè fizi, nou pa pè bal. Jan y ap pare pou nou, nou pare pou yo. Makout pa ladan," 1987-11-24 (00:01:53) Nan Kafou, brigad vijilans yo pran lari ant minwi ak 4 è nan maten pou deklare viv eleksyon, viv KEP, epi makout pa ladan, 1987-11-25 (00:03:46) Marvel Dandin fè yon repòtaj sou anbyans Pòtoprens nan lavèy eleksyon 29 novanm 1987 yo, sitou sou yon sivil ame yo te touye nan ang Wout Dèdal ak Avni Maglwa-Ambwaz. Nèg sa a te tire sou foul la. Pa t gen moun ki blese, epi yo kouri pran misye epi yo pataje l an moso. Repòtaj la gen ladan l vwa plizyè temwen. (00:11:23) Entèvyou avèk yon manm brigad vijilans Lamanten 54 ki ap dekri jan brigad yo fonksyone, pa egzanp yo gen kèlke siy sekrè. (00:14:17) Yon temwen dekri jan ponp gazolin yo te boule nan Bwochèt, Kafou, epi plizyè zak jistis popilè kont makout nan zòn Kafou a. (00:17:33) Yon manm brigade vijilans lan dekri represyon sòlda Kò Leyopa yo konn fè popilasyon Kafou-Fèy lan sibi. Dam nan deklare yo pa pè lame, fòk eleksyon fèt, epi popilasyon an pral kontinye bay tèt li sekirite. (00:20:13) Jean Laurent Nelson fè yon repòtaj soti nan Gonayiv. Lame soti yon kominike kote yo di se sèl lame ki ka bay popilasyon an sekirite, se pa djòb brigad vijilans yo. Moun yo mèt tounen lakay yo epi domi sou kabann yo. Sepandan, gen anpil vyolans ki pete nan Gonayiv, 1987-11-26
(00:00:00) A woman in Carrefour-Feuilles describes how Macoutes have threatened the population of her neighborhood in the lead-up to the 29 November 1987 elections, and how the population has resisted those threats. "There is no place for Macoutes," she declares. "We aren't afraid of rifles, we aren't afraid of bullets. Just as they are getting ready for us, we are getting ready for them," 1987-11-24 (00:01:53) In Carrefour, brigades de vigilance took to the streets between midnight and 4 am to declare their support for elections and the CEP and to call for an end to Macoutism, 1987-11-25 (00:03:46) Marvel Dandin reports on the atmosphere in Port-au-Prince on the eve of the 29 November 1987 elections, particularly the killing of a man by vigilantes at the corner of Route des Dalles and Avenue Magloire Ambroise. This man, who was dressed in civilian clothing but armed, fired upon the crowd. No one was hurt, and they pursued the man and cut him into pieces. Includes the testimonies of several witnesses. (00:11:23) Interview with a member of a brigade de vigilance in Lamentin 54 about how the brigades operate, including secret signals. (00:14:17) A witness describes the burning of gas stations in Brochette in Carrefour, and various acts of vigilante justice against Macoutes in Carrefour. (00:17:33) A member of the brigade de vigilance describes repression by the Corps de Léopards in Carrefour-Feuilles. She declares that they aren't afraid of the army, that elections must take place and the population will continue to ensure its own safety. (00:20:13) Jean Laurent Nelson reports from Gonaïves. The army has informed the population that only the army, not brigades de vigilance, can provide security and that people should stay home, but there has been widespread violence in Gonaïves, 1987-11-26
Audio digitization made possible by a Council on Library and Information Resources (CLIR) Recordings at Risk grant.
- Program Type:
- Audio clips
- Subject:
-
- Electoral violence
- Vyolans elektoral
- Violence électorale
- November 29, 1987 electoral violence
- Vyolans elektoral 29 novanm 1987
- Violence électorale du 29 novembre 1987
- Elections
- Eleksyon
- Élections
- Democratization
- Demokratizasyon
- Démocratisation
- Macoutism
- Makoutis
- Macoutisme
- Brigades de vigilance
- Brigad vijilans
- Conseil électoral provisoire (Haiti)
- Konsèy elektoral pwovizwa
- Demonstrations
- Manifestasyon
- Manifestations
- Vigilantes
- Jistis popilè
- Justice populaire
- Haiti. Armée
- Lame d Ayiti
- Forces Armées d'Haïti
- Corps des Léopards
- Kò Leyopa
- Bureau Electoral Communal (BEC)
- Bureau Electoral Départemental (BED)
- Carrefour-Feuilles
- Kafou Fèy
- Carrefour (Port-au-Prince, Haiti)
- Kafou
- Gonaïves (Haiti)
- Gonayiv
- Location:
- Language:
- Haitian; Haitian Creole
- Tape ID:
- RL10059RR0431
- Rights:
- Limited Re-UseCC BY-NC-SA 4.0
- Rights Note:
- This recording may contain material that was not originally created by Radio Haiti and therefore not covered by the Creative Commons license indicated here. For more information see https://repository.duke.edu/dc/radiohaiti/about#copyright.
- Digital Collection:
- Radio Haiti Archive
- Source Collection:
- Radio Haiti audio recordings, 1957-2003
- Identifier:
-
- 4903531a1947cfa5bd49cdfd97a4efe1
- radiohaiti
- duke:588827
- RL10059-RR-0431_01
- ark:/87924/r47s7nc13
- 06247c1e-bdfa-4435-90d5-742ca0d5134b
- Permalink:
- https://idn.duke.edu/ark:/87924/r47s7nc13
- Sponsor:
- Sponsor this Digital Collection
The preservation of the Duke University Libraries Digital Collections and the Duke Digital Repository programs are supported in part by the Lowell and Eileen Aptman Digital Preservation Fund