Lè Ayisyèn, out oubyen septanm 1987: Masak Janrabèl, ti legliz
-
Download
- Rights
- Files (1)
-
MP3
- Please be patient with media downloads. They are often large files.
-
Share
Embed CodePermalink
- Skip to Item Info
Item Info
- Title:
- Lè Ayisyèn, out oubyen septanm 1987: Masak Janrabèl, ti legliz
- Alternative Title:
-
- L'Heure Haïtienne, August or September 1987: Jean-Rabel massacre, ti legliz
- L'Heure Haïtienne, août ou septembre 1987 : massacre de Jean-Rabel, ti legliz
- Speaker:
- Date:
- 1987
- Description:
-
Emisyon Lè Ayisyèn pou mwa dawout oubyen septanm 1987, ki gen ladan l redifizyon kèk pwogram Radyo Ayiti-Entè. Li kòmanse avèk de powèm "Konpè Paul" (posibleman se Evans Paul/Konpè Plim?) sou Janrabèl. Aprè sa, yo pase plizyè ekstrè emisyon Radyo Ayiti te fè sou masak Janrabèl la. Sa gen ladan yo entèvyou Konpè Filo te fè avèk Rémy Lucas 17 fevriye 1987, kote Lucas ap lonje dwèt sou Pè Jean-Marie Vincent. Li gen ladan l tou analiz Jean Dominique fè nan debi mwa dawout sou sityasyon Janrabèl la, kote kanpay anti-kominis, konfli ant otorite legliz katolik yo avèk ti legliz, epi konfli ant grandon ak ti peyizan k ap reklame dwa tè yo, vin mare sòsis yo. Li gen ladan l tou pèspektif Pè Jean-Marie Vincent sou sityasyon an. Nan Nouyòk, pral gen yon manifestasyon nan Eastern Parkwat ak Nostrand, pou pote solidarite avèk peyizan Ayiti y, kote pral gen enfòmasyon sou ensidan Janrabèl yo. Jou vandredi 11 septanm, pral gen yon konferans sou Ayiti, avèk Leslie Cockburn, Amiri Baraka, Michael Hooper, ak lòt moun. An Ayiti, gen de timoun ki mouri lè yon kay efondre pandan yon lavalas. Nan Ayiti tou, otorite legliz katolik yo (Monseye Gayot ak Ligondé, elatriye) deklare moun ki gen pye sal pa ka rantre nan Katedral Pòtoprens. Pou reponn am deklarasyon sa a, prèt ti legliz yo, Jean-Bertrand Aristide, William Smarth, Jean-Marie Vincent, ak Antoine Adrien òganize yon manifestasyon nan Legliz Sacre-Coeur, kote yo reklame dwa ayisyen ki pi pòv yo. Aristide ak Vincent pale.
L’Heure Haïtienne broadcast from August or September 1987, including rebroadcasts of Radio Haiti programs. It begins with two poems by “Konpè Paul” (possibly Evans Paul/Konpè Plim?) about Jean-Rabel. They then play selections of Radio Haiti’s coverage of the Jean-Rabel massacre. These include Konpè Filo’s interview with Rémy Lucas from February 17, 1987, in which Lucas blames Father Jean-Marie Vincent. It also includes Jean Dominique’s analysis of the confluence of anti-communism, conflicts between Catholic Church authorities and the “ti legliz,” and conflicts between landowners and peasant farmers who are demanding their land rights, from early August 1987. It also includes Father Jean-Marie Vincent’s perspective on the situation. In New York, there will be a demonstration at Eastern Parkway and Nostrand, in support of Haiti’s peasant farmers, featuring information about the events in Jean-Rabel. On Friday, September 11, there will be a conference on Haiti featuring Leslie Cockburn, Amiri Baraka, Michael Hooper, and others. In Haiti, two children died in a landslide when a house collapsed in the rain. Also in Haiti, the Catholic Church authorities (Archbishops Gayot and Ligondé, etc.) have declared that people with dirty feet cannot enter the Cathedral of Port-au-Prince. In response, liberation theology priests Jean-Bertrand Aristide, William Smarth, Jean-Marie Vincent, and Antoine Adrien organized a demonstration at L’Église Sacre-Coeur, demanding the rights of Haiti’s poor. Aristide and Vincent speak.
- Program Type:
- News
- Subject:
-
- Jean Rabel Massacre
- Masak Janrabèl
- Massacre de Jean-Rabel
- Peasant rights
- Dwa peyizan
- Droits des paysans
- Land rights
- Dwa tè
- Droits fonciers
- Land conflict
- Konfli tè
- Conflits terriens
- Catholic Church
- Legliz katolik
- Église catholique
- Liberation theology
- Teyoloji liberasyon
- Théologie de la libération
- Anti-communism
- Anti-kominis
- Anti-communisme
- Ti Legliz
- Demonstrations
- Manifestasyon
- Manifestations
- Vincent, Jean-Marie, 1945-1994
- Lucas, Rémy
- Jean-Rabel (Nord-Ouest, Haiti)
- Janrabèl
- Location:
- Language:
- Haitian; Haitian Creole
- Tape ID:
- RL10059CS1988
- Rights:
- Limited Re-UseCC BY-NC-SA 4.0
- Rights Note:
- This recording may contain material that was not originally created by Radio Haiti and therefore not covered by the Creative Commons license indicated here. For more information see https://repository.duke.edu/dc/radiohaiti/about#copyright.
- Digital Collection:
- Radio Haiti Archive
- Source Collection:
- Radio Haiti audio recordings, 1957-2003
- Related Resources:
- See below
- Identifier:
-
- radiohaiti
- duke:637355
- RL10059-CS-1988_01
- ark:/87924/r4qn63g8s
- 220aebe7-f51c-4390-8761-3b635f060d72
- Permalink:
- https://idn.duke.edu/ark:/87924/r4qn63g8s
- Sponsor:
- Sponsor this Digital Collection
The preservation of the Duke University Libraries Digital Collections and the Duke Digital Repository programs are supported in part by the Lowell and Eileen Aptman Digital Preservation Fund