Emisyon “Radyo Ayiti nan Nouyòk,” avèk Jean Dominique ak Konpè Filo, nan stidyo WNYE, chak vandredi swa soti 8è rive 10 zè. Dominique ak Filo li plizyè anons kominotè pou dyaspora nan zòn Nouyòk la. Dominique li kèk lèt oditè Radyo Ayiti nan Nouyòk voye ba yo. Gen yon ki mande yo bay plis nouvèl sou sityasyon ayisyen k ap eseye degaje nan Nouyòk (moun k ap travay nan faktori, moun k ap fè “babysitting restavèk”). Demen ap fè 20 an depi Martin Luther King Jr. te pale pawòl “I Have a Dream” (“Mwen gen yon rèv”) la, kidonk yo envite Yves Dejean, ki se yon edikatè, vin pale sou travay li konn fè nan domèn alfabetizasyon, ki se yon zak revolisyonè li ye tou. Dejean dekri travay li konn fè pou aprann ayisyen k ap viv nan batèy yo li ak ekri, epi li eksplike poukisa nou dwe gen respè pou granmoun k ap aprann li ak ekri, pou rekonèt se granmoun yo ye ki gen entelijans ak kapasite pa yo, olye nou kenbe men yo kòmsi se timoun piti yo ye. Jean Dominique anonse ke yè nan Pòtoprens, Minis Enfòmasyon Jean-Marie Chanoine anonse pral gen chanjman nan konstitisyon François Duvalier a. Nan New Jersey, gen apeprè 100 ayisyen ki te nan prizon anba rejim Duvalier a. Nan dezyèm pati emisyon an, Filo ansanm avèk Pè Antoine Adrien pral pale avèk kèk ladan yo sou maspinay yo te sibi nan men diktati Duvalier a. Gen plizyè pòz mizikal.
“Radio Haiti in New York” broadcast, hosted by Jean Dominique and Konpè Filo, out of the WNYE studios, each Friday night from 8 pm to 10 pm. Dominique and Filo read several community announcements for the Haitian diaspora in the New York area. Dominique reads letters from listeners, one of whom asks them to cover more issues that concern Haitians struggling to get by in New York City (factory workers, people who are working as “babysitting restavèk.”). The following day will make the 20th anniversary of Martin Luther King Jr.’s “I Have a Dream” speech, so they have invited educator Yves Dejean to speak about his work on literacy, which is a revolutionary act. Dejean describes his work teaching Haitians living on bateys to read and write, and explains why it is important to respect adults who are learning to read and write, and to acknowledge their skills and intelligence, rather than holding their hands and treating them like children. Jean Dominique announces that the previous day in Port-au-Prince, Minister of Information Jean-Marie Chanoine announced changes to François Duvalier’s constitution. In New Jersey, there are around 100 Haitians who were in prison under Duvalier. In the next part of the broadcast, Filo along with Father Antoine Adrien will speak to them about how they were abused by the Duvalier dictatorship. Features several musical interludes.