Le Point : Pourquoi cet éclat de rire ce matin?
-
Download
- Rights
- Files (1)
-
MP3
- Please be patient with media downloads. They are often large files.
-
Share
Embed CodePermalink
- Skip to Item Info
Item Info
- Title:
- Le Point : Pourquoi cet éclat de rire ce matin?
- Alternative Title:
-
- Le Point: Pouki ri ap pete maten an?
- Le Point: Why this burst of laughter this morning?
- Program Name:
- Le Point
- Speaker:
- Date:
- September 14, 1990
- Description:
-
Jean Dominique reponn a manti ak akizasyon Roger Lafontant ap fè sou li. Lafontant, ansyen chèf Tonton Makout yo, ki Dominique konn rele "ce sinistre scélérat," ap sikile libe-libè nan peyi a pandan de mwa, menm si gen yon manda darè pou li. Li konn reyini avèk patizan li yo, l ap pale nan plizyè radyo kominotè, epi li anonse yon lis asasina -- pami non ki sou lis sila a, non Jean Dominique la. Nan yon entèvyou avèk Radyo Kreyòl nan Miyami, Lafontant defann gouvènman Jean-Claude Duvalier ki te siyen yon kontra avèk Gad Kòt meriken yo, pou otorize kouri dèyè botpipèl ayisyen menm lè yo nan teritwa Ayiti a. Aprè Etazini deklare Lafontant persona non grata, li "monte sou chwal desalinyen li" pou kritike blan yo men, jan Dominique raple nou, Lafontant te ajenou devan meriken yo avan sa. Lafontant - yon fo nasyonalis, yon fo nwaris -- site non Édouard Berrouët ak Henri P. Bayard, de minis milat nan gouvènman Jean-Claude Duvalier a, epi li deklare ke Jean Dominique te pwòch avèk minis sa yo. Ki rapò yo te genyen? Dominique di yon fwa Bayard te sible li aprè Dominique ekri yon lèt piblik sou detounman fon nan akò ant konpayi min Reynolds ak leta ayisyen. Se sa rapò a te ye. Evantyèlman, Jean-Elie Charles, ki te anbasadè Ayiti nan Nasyonzini, te revele ke li te resevwa yon kout fil kote Jean-Claude Duvalier ak Michèle Bennett te fè l konnen yo te gen pou yo kraze laprès endepandan (ki gen ladan l Radyo Ayiti) ak sendikalis yo, sa k te fèt 28 novanm 1980. Pandan kout fil sa a, Duvalier yo mande Charles jistifye atak sa yo devan Depatman Leta Etazini, pou di ke Jean Dominique ak Radyo Ayiti fè pati yon konplo kominis. Duvalier pase telefòn nan bay Henri P. Bayard, Théodore Achille, Édouard Berrouët, ak Jean Valmé. Jean Dominique eksplike ke yon fwa, kèk mwa avan 28 novanm 1980, Jean-Marie Chanoine te debake nan biwo Dominique pou ofri l 60.000 dola -- Dominique te refize l. Dominique refize Michèle Bennett tou, lè li ofri l fè pati yon komite jounalis pou fete maryaj li. Tout enfòmasyon sa a deja piblik. Brèf: Jean Dominique pa t byen avèk milat divalyeris yo, li pa t gen lyen ekonomik avèk milat divalyeris yo. Li pa t janm divalyeris; li te piblikman anti-divalyeris. Aprè sa, Dominique pale sou pwòp wòl ak idantite pa l antanke manm elit milat la ki konsakre lavi li pou batay mas pèp la. Li denonse tou jounalis tankou Dieudonné Fardin, responsab Le Petit Samedi Soir, k ap sèvi avèk medya pou kore malfektè yo ("cavaliers polka de ce sinistre scélérat"). Dominique jwe avèk ekspresyon La Rochefoucauld pou deklare "La calomnie est un hommage que le vice crapuleux rend à la vertu." Aprè sa, li adrese lidè militè peyi a pou l raple yo se yo menm ki responsab sekirite tout sitwayen Ayiti yo. Li avèti yo si nenpòt ki malè rive Dominique, yo tout ap konplis asasen yo. Anplis, Roger Lafontant ak rès divalyeris yo imilye lame ayisyen sistematikman. Pou fini, Dominique deklare ke li gen lapè nan nanm, paske li konnen akizasyon sa yo pa ka fè anyen pou sal moralite li, onetete li, ak prensip li. Li souliye diferans ant milat zenglendo ak milat ki fin afranchi, milat ki libere k ap lite pou jistis ak pwogrè pèp la. Moun tankou Lafontant pa ka sipòte lide ke yon nonm tankou André Rousseau te ka chape zantray bèt divalyeris la pou l libere (menm nan lanmò). "Men dènyè pawòl mwen," deklare Dominique. "Médiocre, et scélérat."
Jean Dominique responds to Roger Lafontant's lies and accusations. Lafontant, the former leader of the Tontons Macoutes, to whom Jean Dominique refers as "ce sinistre scélérat" ("that sinister villain") has been walking free in Haiti for the past two months, despite the warrant for his arrest. He regularly meets with supporters, has spoken on several community radio stations, and has announced the existence of a list of people to be killed -- among them, Jean Dominique. In an interview with Radio Créole in Miami, Lafontant defends Jean-Claude Duvalier's government, which in 1981 signed a contract with the US Coast Guard, authorizing the Coast Guard to pursue Haitian "boat people" into Haitian waters. After Lafontant was later declared persona non grata by the US, he "mounted his Dessalinian horse" to criticize the US, but, as Dominique reminds us, Lafontant used to be in thrall to the US. Lafontant -- the false nationalist, the false noirist -- cites the names of Édouard Berrouët and Henri P. Bayard, two milat ministers of Jean-Claude Duvalier's government, claiming that Dominique was close to these two government ministers. What was the extent of their relationships? Dominique says that Bayard once targeted Dominique after Dominique wrote an open letter about embezzlement in the agreement between the Reynolds mining company and the Haitian government -- that was their relationship. Eventually it was revealed that Jean-Elie Charles, Haiti's ambassador to the UN, had received a phone call from Jean-Claude Duvalier and Michèle Bennett about the coming crackdown on the independent press (including Radio Haiti) and union leaders on 28 November 1980, in which the Duvaliers instructed Charles to justify the attacks by telling the US State Department that Jean Dominique and Radio Haiti were part of a communist plot. Duvalier then passed the phone to Henri P. Bayard, Théodore Achille, Édouard Berrouët, and Jean Valmé. Dominique describes having refused a bribe of $60,000 offered by Duvalier's henchman Jean-Marie Chanoine a few months before the 1980 crackdown, and he also declined an offer from Michèle Bennett to be a member of a committee of journalists celebrating her marriage to Duvalier. These are all public facts. In short, Jean Dominique did not have friendly relations or economic ties with the mixed-race bourgeoisie in Duvalier's government. He was never a Duvalierist; he was publicly anti-Duvalierist. Dominique then discusses his own role and identity as a member of the light-skinned elite who has devoted his life to the struggle of the Haitian majority, and denounces journalists like Dieudonné Fardin of Le Petit Samedi Soir who have used their platforms to support the villains ("cavaliers polka de ce sinistre scélérat"). Paraphrasing La Rochefoucauld, Dominique declares "La calomnie est un hommage que le vice crapuleux rend à la vertu" ("Slander is a tribute that nefarious vice pays to virtue"). He then addresses the military leaders of the country, reminding them that they are responsible for the safety of Haiti's citizens, and warning them that if anything happens to Dominique, they will be the accomplices of his killers. Moreover, Roger Lafontant and the Duvalierists have systematically humiliated the Haitian army. Dominique ends by declaring that his soul is at peace, because these accusations can do nothing to his morality, honesty, and principles. He draws a distinction between the "milat zenglendo" (light-skinned criminals) and the milat who have become affranchis, liberated for justice and the progress of the people. People like Lafontant cannot bear the idea that someone like André Rousseau could escape from the Duvalierist beast and become liberated (even in death). "Here are my final words," Dominique declares. "Médiocre, et scélérat."
Jean Dominique répond aux mensonges et accusations de Roger Lafontant. Ce dernier, ancien leader des Tontons Macoutes, que Jean Dominique appelle « ce sinistre scélérat », circule librement en Haïti depuis plus de deux mois, alors qu’un mandat d’arrêt a été lancé contre lui. Il rencontre régulièrement ses partisans, il parle dans plusieurs radios communautaires et a annoncé l’existence d’une liste de personnes à éliminer, parmi elles Jean Dominique. Dans une interview à Radio Créole de Miami, Lafontant a défendu le gouvernement de Jean-Claude Duvalier qui, en 1981, a signé un contrat avec les garde-côtes américains, les autorisant à poursuivre les boat people haïtiens dans les eaux haïtiennes. Après que Lafontant ait été déclaré persona non grata par les États-Unis, il a enfourché son « cheval dessalinien » pour critiquer les « blancs » mais, comme Dominique le rappelle, Lafontant était, auparavant, aux pieds des Américains. Lafontant, le faux nationaliste, le faux noiriste, cite les noms d’Édouard Berrouët et d’Henri P. Bayard, deux ministres mulâtres du gouvernement de Jean-Claude Duvalier, prétendant que Dominique était proche de ces deux ministres. Quels étaient leurs relations ? Dominique raconte qu’une fois Bayard l’avait ciblé, après que Dominique ait écrit une lettre ouverte sur les détournements de fonds dans l’accord entre la compagnie minière Reynolds et l’état haïtien. Voilà leur relation. Éventuellement, Jean-Elie Charles, l’ambassadeur d’Haïti aux Nations Unies, avait révélé avoir reçu un appel où Jean-Claude Duvalier et Michèle Bennett lui avaient déclaré s’apprêter à détruire la presse indépendante (dont Radio Haïti) et les syndicats, ce qui a été fait le 28 Novembre 1980. Durant ce coup de fil, Duvalier a demandé à Charles de justifier cette attaque devant le Département d’État américain, en déclarant que Jean Dominique et Radio Haïti faisaient partie d’un complot communiste. Duvalier avait passé l’appareil à Henri P. Bayard, Théodore Achille, Édouard Berrouët, et Jean Valmé. Jean Dominique explique qu’une fois, quelques mois avant le 28 Novembre 1980, Jean-Marie Chanoine avait débarqué à son bureau pour lui offrir $60,000 dollars -- que Dominique a refusé. Dominique avait aussi refusé lorsque Michèle Bennett lui avait offert de faire partie d’un comité de journalistes pour célébrer son mariage avec Duvalier. Toutes ces informations sont déjà publiques. Bref, Jean Dominique ne fréquentait pas les mulâtres duvaliéristes, il n’avait aucun lien économique avec les mulâtres duvaliéristes. Il n’a jamais été duvaliériste, il était publiquement anti-duvaliériste. Après, Dominique parle de ses propres rôle et identité comme membre de l’élite mulâtre qui a consacré sa vie à se battre pour la majorité du peuple haïtien. Il dénonce des journalistes comme Dieudonné Fardin, du Petit Samedi Soir, qui utilise son journal pour appuyer les « malfaiteurs » (« cavalier polka de ce sinistre scélérat »). Dominique paraphrase La Rochefoucauld pour déclarer « La calomnie est un hommage que le vice crapuleux rend à la vertu ». Il s’adresse ensuite aux responsables militaires pour leur rappeler qu’ils sont responsables de la sécurité de tous les citoyens d’Haïti. Il avertit que si un malheur lui arrive, ces responsables seront complices des assassins. De plus, Roger Lafontant et les duvaliéristes avaient humilié systématiquement l’armée haïtienne. Pour finir, Dominique déclare qu’il a l’âme en paix car il sait que ces accusations ne peuvent pas salir sa réputation, son honnêteté et ses principes. Il souligne la différence entre mulâtres « zenglendo » et mulâtres qui se sont affranchis, qui luttent pour la justice et le progrès du peuple. Des gens comme Lafontant ne peuvent supporter l’idée qu’un homme comme André Rousseau ait échappé à la bête duvaliériste pour se libérer (même dans la mort). Voici mes dernières paroles, dit Dominique. « Médiocre et scélérat. »
- Program Type:
- Editorial
- Subject:
-
- Boat people
- botpipèl
- Duvalierism
- Divalyeris
- Duvaliérisme
- Press crackdown (28 November 1980)
- Represyon kont laprès endepandan (28 novanm 1980)
- Répression contre la presse indépendante (28 novembre 1980)
- Colorism
- Prejije koulè
- Question de couleur
- Haiti. Armée
- Lame d Ayiti
- Forces Armées d'Haïti
- Noirism
- Nwaris
- Noirisme
- Lafontant, Roger, 1931-1991
- Bayard, Henry
- Berrouet, Edouard
- Duvalier, Jean-Claude, 1951-2014
- Bennett, Michèle
- Dominique, Jean L. (Jean Leopold)
- Fardin, Dieudonné
- Location:
- Language:
- Tape ID:
- RL10059CS1821
- Rights:
- Limited Re-UseCC BY-NC-SA 4.0
- Rights Note:
- This recording may contain material that was not originally created by Radio Haiti and therefore not covered by the Creative Commons license indicated here. For more information see https://repository.duke.edu/dc/radiohaiti/about#copyright.
- Digital Collection:
- Radio Haiti Archive
- Source Collection:
- Radio Haiti audio recordings, 1957-2003
- Identifier:
-
- 61ead55170cd8f139059f73d671b2376
- radiohaiti
- duke:589768
- RL10059-CS-1821_01
- ark:/87924/r4zp40m5n
- 92309d74-148a-471f-9000-223cafd701a6
- Permalink:
- https://idn.duke.edu/ark:/87924/r4zp40m5n
- Sponsor:
- Sponsor this Digital Collection
The preservation of the Duke University Libraries Digital Collections and the Duke Digital Repository programs are supported in part by the Lowell and Eileen Aptman Digital Preservation Fund