Emisyon Pawòl la Pale konsakre a rapò ant enpinite ak ensekirite. Emisyon an kòmanse avèk repòtaj Roméo Des Cars soti nan Gonayiv, kote gen anpil vyolans ki pete nan bidonvil yo. Aprè sa, gen temwayaj plizyè abitan Site Solé, ki dekri gwo lagè terib ant gang yo; yo egzije leta pran responsabilite l. Nan stidyo Radyo Ayiti a, Rénan Héduville, ki se yonn nan responsab CARLI, ak Pierre Espérance, ki se yonn nan responsab NCHR, pale kesyon ensekirite, enpinite, gang, zam k ap gaye toupatou, pwoblèm lajistis, yon popilasyon ki pa fè lapolis konfyans ankò, dwa moun (epi yon vizit reprezantan Komisyon Entè-Ameriken Dwa Moun), epi ankèt sou asasina Jean Dominique ak Jean-Claude Louissaint.
Pawòl la Pale program devoted to the relationship between impunity and insecurity. The broadcast begins with Roméo Des Cars's report on violence in the bidonvilles of Gonaïves, followed by several testimonies from residents of Cité Soleil, who describe horrific gang violence and demand that the state take responsibility. In Radio Haiti's studio, Rénan Héduville of CARLI and Pierre Espérance of NCHR discuss insecurity, impunity, gang violence, the spread of firearms, problems of the justice system, the population's lack of faith in the police, the question of human rights (including a visit from representatives of the Inter-American Commission on Human Rights), and the investigation into the assassination of Jean Dominique and Jean-Claude Louissaint.
Cette émission est consacrée au rapport entre impunité et insécurité. L’émission débute avec un reportage de Roméo Des Cars sur la violence dans les bidonvilles des Gonaïves. Suivent des témoignages de plusieurs résidents de Cité Soleil, qui décrivent la terrible guerre des gangs; ils exigent que l’État prenne ses responsabilités. Dans les studios de Radio Haïti, Rénan Héduville, un responsable de CARLI, et Pierre Espérance, du NCHR, discutent d’insécurité, d’impunité, des gangs, de la prolifération des armes à feu, des problèmes du système judiciaire, du manque de confiance de la population dans la police, des droits humains (incluant la visite de représentants de la Commission interaméricaine des droits humains), et enfin de l’enquête sur l’assassinat de Jean Dominique et Jean-Claude Louissaint.