Face à l'Opinion: Ansy Vixamar, Orly Saint-Louis. Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen (1)
-
Download
- Rights
- Files (1)
-
MP3
- Please be patient with media downloads. They are often large files.
-
Share
Embed CodePermalink
- Skip to Item Info
Item Info
- Title:
- Face à l'Opinion: Ansy Vixamar, Orly Saint-Louis. Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen (1)
- Program Name:
- Face à l’Opinion
- Speaker:
- Date:
- September 30, 1996
- Description:
-
Ansy Vixamar ak Orly Saint-Louis, ki se de responsab Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen, pale avèk Jean Dominique sou kongrè Tèt Kole sot fè nan Tòlan, kote delege òganizasyon an soti nan tout kwen peyi a te reyini pou brase lide epi pale strateji pou lite kont plan neyoliberal la. Yo eksplike ki menas danrè ki soti lòt bò dlo reprezante pou pwodiksyon agrikòl nasyonal, epi yo dekri tou yon "envazyon kiltirèl" kote ayisyen ap adopte fason, moral, ak mòd ekspresyon ki soti nan lòt peyi. Yo panse se responsabilite peyizan yo reziste kont enfliyans etranje sa yo, epi leta dwe mete taks sou machandiz ki soti lòt bò dlo. Yo vle tou pou leta sivil sèvi peyizan yo pi byen, paske tout moun dwe gen yon batistè nan men yo. Tèt Kole pa dakò ak jan gouvènman ap mete refòm agrè sou pye. Dapre envite yo, refòm agrè sila a mare avèk yon seri politik ki enpoze sou klas ouvriye a. Lidèchip Fanmi Lavalas, sitou Jean-Bertrand Aristide, te deklare yo t ap chanje leta lè yo monte sou pouvwa, men se leta ki chanje yo. Leta makout te mare sosis li avèk grandon yo, epi leta aktyèl la poko fin libere pa rapò ak ansyen sistèm nan. Tèt Kole pa dakò avèk politik Lavalas lè y ap pale "rekonsilyasyon" avèk poutchis yo, epi yo kwè menm si lame kraze ofisyèlman, il p ap fin kraze jouk gen dezameman tout bon vrè. Yo pale tou sou enperyalis blan meriken, sitou paske reprezantan anbasad Etazini te vle asiste kongrè Tèt Kole a, epi Tèt Kole te refize yo.
Ansy Vixamar and Orly Saint-Louis of Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen speak with Jean Dominique about Tèt Kole's recent congress in Thorland, where representatives from the organization from all over Haiti met to share ideas and adopt strategies to move forward in the struggle against neoliberalism. They describe the threat that imported goods represent to domestic agricultural production, and the "cultural invasion" of manners, mores, and modes of expression from abroad. They believe it is the responsibility of peasant farmers to resist these outside influences, and that the state should help by taxing goods from abroad. They also want the civil registry to better serve Haiti's rural population, because everyone should have a birth certificate. Tèt Kole does not approve of the government's implementation of agrarian reform. According to the speakers, agrarian reform is tangled up with a larger set of policies that are imposed on the working class. Lavalas leaders, particularly Jean-Bertrand Aristide, came to power promising to change the state, but in fact the state has changed them. The Macoute state was in bed with traditional landowners, and the current state has not yet liberated itself from that system. Tèt Kole disapproves of Lavalas's emphasis on "reconciliation" with the putschists, and they believe that though the army has officially been disbanded, it will not truly be disbanded until disarmament has taken place on a large scale. They also discuss US imperialism, especially since representatives from the US embassy wished to attend the Tèt Kole congress and were refused.
Ansy Vixamar et Orly Saint-Louis, de Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen, discutent avec Jean Dominique du congrès de l’organisation qui s’est tenu à Thorland. Des délégués d’organisations, venus de tout le pays, se sont réunis pour discuter et élaborer des stratégies de lutte contre le plan néolibéral. Ils parlent des menaces que représentent les produits importés pour la production agricole nationale et décrivent une « invasion culturelle » de manières, morale, modes d’expression qui viennent de l’étranger. Ils pensent qu’il est de la responsabilité des paysans de résister à ces influences étrangères, et l’état doit taxer les marchandises importées. Ils demandent aussi que les services d’état civil se préoccupent des paysans, car c’est un droit d’avoir un acte de naissance. Tèt Kole n’est pas d’accord avec la manière dont le gouvernement implante la réforme agraire. D’après les invités, cette réforme est liée à une série de politiques imposées à la classe des travailleurs. Les leaders de Fanmi Lavalas, surtout Jean-Bertrand Aristide, avaient promis de changer l’état après la prise du pouvoir, mais c’est l’état qui les a changés. L’état macoute s’était allié aux grands propriétaires terriens, et l’état actuel ne s’est pas libéré de l’ancien système. Tèt Kole refuse la « réconciliation » avec les putschistes, prônée par Lavalas, et croit que même si l’armée a été officiellement dissoute, elle ne le sera pas réellement tant qu’il n’y aura pas un désarmement total. Discussion aussi sur l’impérialisme américain, surtout parce qu’un représentant de l’ambassade américaine voulait assister au congrès de Tèt Kole et que l’organisation a refusé.
- Program Type:
- Interview
- Subject:
-
- Peasant rights
- Dwa peyizan
- Droits des paysans
- Neoliberalism
- Neyoliberalis
- Néolibéralisme
- National production
- Pwodiksyon nasyonal
- Production nationale
- Agrarian reform
- Refòm agrè
- Réforme agraire
- Land rights
- Dwa tè
- Droits fonciers
- Grassroots organizations
- Gwoupman
- Organisations de base
- Birth certificates
- Batistè
- Actes de naissance
- US imperialism
- Enperyalis ameriken
- Impérialisme étatsunien
- Disarmament
- Dezameman
- Desarmement
- Elimination of Haitian army
- Eliminasyon lame d Ayiti
- Démobilisation des Forces Armées d'Haïti
- Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen
- Lavalas, Fanmi
- Location:
- Language:
- Haitian; Haitian Creole
- Tape ID:
- RL10059CS0356
- Rights:
- Limited Re-UseCC BY-NC-SA 4.0
- Rights Note:
- This recording may contain material that was not originally created by Radio Haiti and therefore not covered by the Creative Commons license indicated here. For more information see https://repository.duke.edu/dc/radiohaiti/about#copyright.
- Digital Collection:
- Radio Haiti Archive
- Source Collection:
- Radio Haiti audio recordings, 1957-2003
- Related Resources:
- See below
- Identifier:
-
- 1acd60ef5fe816ac002b3c79f6db9eb8
- radiohaiti
- duke:589757
- RL10059-CS-0356_01
- ark:/87924/r4t43np58
- 6fe52ef6-0d2d-45d0-8aaf-2bb61d3bc76e
- Permalink:
- https://idn.duke.edu/ark:/87924/r4t43np58
- Sponsor:
- Sponsor this Digital Collection
The preservation of the Duke University Libraries Digital Collections and the Duke Digital Repository programs are supported in part by the Lowell and Eileen Aptman Digital Preservation Fund