Charles Suffrard, yon kiltivatè diri ki soti nan Lestè, ki se manm MPOJ (Mouvman Devlopman Ti Jaden), dekri travay li fè antanke manm komite swivi ODVA, kote peyizan yo ap eseye kreye yon ODVA ki koresponn pi byen ak sa peyizan Latibonit yo bezwen. Suffrard dekri koman yon pozisyon konsa ka fè zanmi tounen lènmi, paske pouvwa ak lajan ki vini avèk djòb la ka yon madichon. Jiskaprezan, ODVA echwe nan bay peyizan yo sa yo bezwen, epi tout sa yo fè soti anwo, dapre sa Ministè Agrikilti ak òganizasyon etranje tankou CARE panse ap bon pou zòn nan. Dapre manm komite swivi a, aktivite ODVA yo manke transparans. Peyizan yo ta renmen konnen poukisa kòb enstans etranje prete ODVA poko debloke pou reyalize pwojè drenaj ak kanalizasyon nan Latibonit. Lè ODVA fè yon bagay, yo pa respekte ekspètiz peyizan yo, menm si se peyizan yo ki maton nan zafè tè. Si ODVA pa foure drenaj, tout diri Latibonit ka nwaye lè lapli kòmanse tonbe. Suffrard mande si Prezidan Préval lage kesyon pwodiksyon nasyonal paske li genlè plis sou privatizasyon kounye a. Dapre Suffrard, "privatizasyon" se yon bagay yo pa rekonèt nan Latibonit, men yo konnen sektè prive a se yon mafya, peyizan yo pa gen okenn konfyans sou li.
Charles Suffrard, rice farmer from L'Estère who is a member of the MPOJ (Mouvement pour le Développement des Petits Jardins), describes his work as part of the peasant farmers' oversight committee for ODVA -- trying to create an ODVA that better corresponds to the needs of peasant farmers in the Artibonite. Suffrard describes how this kind of position can make one's friends turn into enemies, for the power and money that come with it can be a curse. So far, ODVA has failed to serve farmers and its work has been very top-down, dictated by the Ministry of Agriculture and international organizations like CARE. For the members of the oversight committee, ODVA's activities lack transparency. Peasant farmers want to know why international loans that were supposed to go to ODVA have not been disbursed and used for drainage and irrigation projects. When ODVA undertakes projects, they ignore farmers' expertise about the land. If ODVA doesn't create drainage, the Artibonite's rice crop will be destroyed in the rainy season. Suffrard wonders if Préval has given up on national production in favor of privatization. According to Suffrard, "privatization" is an unfamiliar concept for the peasant farmers of the Artibonite, and the private sector is a mafia that has given peasants no reason to trust it.