Entèvyou avèk manm Komite Pa Bliye sou komemorasyon nan Fò Dimanch, fevriye 1991 (1)
-
Download
- Rights
- Files (1)
- MP3
- Please be patient with media downloads. They are often large files.
-
Share
Embed CodePermalink
- Skip to Item Info
Item Info
- Title:
- Entèvyou avèk manm Komite Pa Bliye sou komemorasyon nan Fò Dimanch, fevriye 1991 (1)
- Alternative Title:
-
- Interview de membres du Komite Pa Bliye sur la commémoration à Fort Dimanche, février 1991 (1)
- Interview with members of Komite Pa Bliye on the commemoration at Fort Dimanche, February 1991 (1)
- Speaker:
- Date:
- February 9, 1991
- Description:
-
Jean Dominique pale ak twa manm Komite Pa Bliye a – Marie-Thérèse (Bébé) Artaud, Ralph Allen, ak Guylène Bouchereau – an fevriye 1991, dat komemorasyon viktim Duvalier ki te fèt nan Fort Dimanche. Diktati a te afekte twa oratè yo pèsonèlman; touletwa pèdi pwòch yo anba Duvalier. Madan Artaud pèdi de pitit li yo, Max ak Jacques Armand, nan invazyon tantatif Jeune Haïti nan mwa daout 1964 nan Grand-Anse, lè yon moun trayi yo ak onz lòt jèn gason, epi yo asasine yo. Prèske tout ras manman Ralph Allen (fanmi Drouin) te masakre nan masak Vêpres Jérémie lè makout Duvalier yo fè vanjans pou invazyon Jeune Haïti a. Papa Guylène Bouchereau, Jean Bouchereau, te yon militè ke yo disparèt e touye 26 avril 1963. Komite Pa Bliye a te kreye an 1987 pou komemore piblikman viktim diktati Duvalier a atravè yon egzibisyon pèmanan ak ambilan (avèk fotograf, tèks, ak yon jaden memoryal). Men akòz de ensekirite politik, represyon, ak danje ki te egziste nan ane aprè diktati a tonbe, yo pat ka reyalize pwoje a an 1987; yo kòmanse travay sou li tout bon vre an 1991 paske an prensip gen yon nouvo rejim. Yo pale anpil de divizyon ak problèm ki egziste andedan Komite Pa Bliye a: èske se yon òganizasyon patizan li ye? Ki wòl politik nan òganizasyon an? Kiyès ki konte kòm "viktim" diktiati a – èske militè yo sipoze sou lis viktim yo? Se poutèt diskisyon sa a pwojè Komite a kanpe. Ralph Allen di chak moun "vin defann mò pa yo." Bébé Artaud di fòk yo fè diferans ant "viktim" ak "ewo" — daprè li menm, se ka viktim inosan yo ki pi grav paske ewo yo (tankou pitit li yo) te konnen ki risk yo tap pran. Yo pale anpil de Jeune Haïti – ki objektif yo, kiyès ki trayi yo, kòman yo mouri – ak masak Vèp Jeremi ki vini aprè. Jean Dominique eksplike: “Yon òm pran responsabilite w antre nan batay kont Duvalier, Duvalier di w, 'si w antre nan batay kont mwen, se ras ou kap disparèt.' Donk, anplis de kraze-brize diktati etabli a, li vin etabli yon règ de teroris an kaskad ki yon dèyè lòt kapab ekstèmine tout fanmi e menm tout ras.” Jean Dominique mande oratè yo ki relasyon ki egziste ant dèy pèsonèl ak dèy nasyonal. Bébé Artaud eksplike poukisa li pa t ap vle pou moun ekplwate mò sa yo poutèt politik. "Mwen menm, antan ke manman pitit, zantray mwen fè m mal pou m wè yo mouri. Timoun mwen yo, yo vini – mwen konnen – se pa ni pou pati sa, ni pou pati sa. Se pou peyi n yo te vini. E m pa vle pou yo rekipere yo ni sou ladwat ni sou lagòch ni sou lesant – se Ayiti yo te vin defann."
Jean Dominique parle avec Marie-Thérèse (Bébé) Artaud, Ralph Allen et Guylène Bouchereau, trois membres du Komite Pa Bliye, à l’occasion d’une commémoration des victimes de la dictature des Duvalier détenues à Fort Dimanche. Les intervenants ont tous été touchés personnellement par la dictature et ont perdu des proches. Jacques et Max Armand, les deux fils de Marie-Thérèse Artaud, faisaient partie de la tentative d’invasion de Jeune Haïti en août 1964 durant laquelle ils furent trahis puis assassinés avec onze autres jeunes hommes. La famille entière du côté maternel de Ralph Allen (la famille Drouin) a été tuée lors du massacre des Vêpres jérémiennes mené par les macoutes en représailles de l’invasion de Jeune Haïti. Le père de Guylène Bouchereau, Jean Bouchereau, était un militaire qui a disparu et a été tué le 26 avril 1963. Le Komité Pa Bliye a été créé en 1987 pour commémorer publiquement les victimes de la dictature des Duvalier à travers une exhibition permanente et ambulante (avec des photos, des textes et un jardin mémorial). Cependant, à cause de l’insécurité politique, de la répression et des dangers toujours existants un an après la chute de la dictature, ils n’ont pu réellement commencer le projet qu’en 1991 avec la création d’un nouveau régime marquant une « rupture avec le passé ». Ils discutent aussi des divisions politiques au sein du Komite Pa Bliye (est-ce une organisation explicitement partisane ? Qui devrait ou ne devrait pas être inclus parmi les victimes des Duvalier ?) qui entraînent des difficultés à développer le projet. Allen dit que « chacun défend ses morts ». Artaud déclare que c’est important de faire la différence entre les « victimes » et les « héros » : pour elle, les victimes, les spectateurs innocents, sont les cas les plus tragiques car les héros (y compris ses fils) connaissaient les risques qu’ils prenaient. Ils décrivent Jeune Haïti en détail, leurs objectifs, qui les a trahis, comment ils sont morts, et parlent aussi du massacre des Vêpres jérémiennes qui a suivi. Jean Dominique explique que « si un homme décidait de lutter contre Duvalier, Duvalier disait ‘si tu te dresses contre moi, c’est toute ta lignée qui disparaîtra’ ». Jean Dominique demande aux intervenants quelle est la relation entre le deuil personnel et le deuil national. Bébé Artaud explique pourquoi il ne faut pas que ces morts soient exploitées à des fins politiques et dit : « pour moi, en tant que mère, ça me fait viscéralement mal de savoir comment ils sont morts. Mes enfants, ils sont venus (comme membres de Jeune Haïti), je le sais, mais ce n’était pas pour tel ou tel parti. Ils sont venus pour notre pays. Et je ne veux pas qu’ils soient récupérés ni par la droite, ni par la gauche, ni par le centre : c’est Haïti qu’ils étaient venus défendre ».
Jean Dominique speaks with three members of the Komite Pa Bliye – Marie-Thérèse (Bébé) Artaud, Ralph Allen, and Guylène Bouchereau — in February 1991, on the occasion of a commemoration of the victims of the Duvalier dictatorship held at Fort Dimanche. The speakers were all intimately affected by the dictatorship and lost close relatives under Duvalier: Artaud’s two sons, Jacques and Max Armand, were part of the August 1964 Jeune Haïti attempted invasion, in which they and eleven other young men were betrayed and then slaughtered; Allen’s mother’s entire family (the Drouin family) was killed in the Jérémie Vespers massacre that Duvalier’s forces exacted in retribution for the Jeune Haiti invasion; Bouchereau’s father, Jean Bouchereau, a high-ranking member of the military under Duvalier, was disappeared and killed on April 26, 1963. The Komite Pa Bliye was originally founded in 1987 with the intention of publicly commemorating the victims of the Duvalier dictatorship via a permanent and traveling exhibition (featuring photographs, texts, and a memory garden), but because of the continued political insecurity, repression, and danger in the years following the end of the regime, they are only able to begin working on the project in earnest in 1991 because there is a new government which represents a “rupture with the past.” They also discuss the political divisions within the Komite Pa Bliye – questions of how explicitly partisan the organization should be, who should and shouldn’t be included among Duvalier’s victims – and how this has resulted in the project not moving forward. Allen states that everyone is “defending their own dead” (moun vin defann mò pa yo). Artaud says that it’s important to differentiate between “victims” and “heroes” – for her, the victims, the innocent bystanders, are the more tragic case because the heroes (her own sons included) knew the risk they were taking. There is a considerable description of Jeune Haïti, their goals, betrayal, and death, and of the Jérémie Vespers massacre that followed. Jean Dominique explains, “If a single man decided to go into battle against Duvalier, Duvalier would say, ‘if you’re in battle against me, your entire family line will disappear.’ So, in addition to the destruction that the dictatorship carried out, it established a rule of terrorism, a domino effect that would exterminate entire families, entire lines.” Jean Dominique asks about the relationship between personal, intimate loss and national grief and symbolism, and Artaud explains that this is why these deaths should not be exploited for the sake of politics. She says: “For me, as a mother, it hurts me viscerally to think of how my children died. My children, they came [as part of Jeune Haïti] – I know – it wasn’t for any particular party. They came for the country. And I don’t want them to be taken up by those on the right nor those on the left nor those in the center. It’s Haiti they were defending.”
- Program Type:
- Interview
- Subject:
-
- Duvalierism
- Divalyeris
- Duvaliérisme
- Insecurity
- Ensekirite
- Insécurité
- Jérémie Vespers massacre
- Masak vèp jeremyèn
- Massacre des Vêpres jérémiennes
- Devoir de mémoire
- Devwa memwa
- Allen, Ralph
- Artaud, Bébé (Marie-Thérèse)
- Bouchereau, Guylène
- Fort-Dimanche (Prison : Haiti)
- Fò Dimanch
- Jeune Haïti
- Komite Pa Bliye
- Beaulieu, Serge
- Location:
- Language:
- Haitian; Haitian Creole
- Tape ID:
- RL10059CS0073
- Rights:
- Limited Re-UseCC BY-NC-SA 4.0
- Rights Note:
- This recording may contain material that was not originally created by Radio Haiti and therefore not covered by the Creative Commons license indicated here. For more information see https://repository.duke.edu/dc/radiohaiti/about#copyright.
- Digital Collection:
- Radio Haiti Archive
- Source Collection:
- Radio Haiti audio recordings, 1957-2003
- Related Resources:
- See below
- Identifier:
-
- b46d3c07d7b20031d953094593b12d15
- radiohaiti
- duke:447487
- RL10059-CS-0073_01
- ark:/87924/r44x56d2b
- a0e04d7b-e1bd-4e9b-97e4-6209ee9557b0
- Permalink:
- https://idn.duke.edu/ark:/87924/r44x56d2b
- Sponsor:
- Sponsor this Digital Collection
The preservation of the Duke University Libraries Digital Collections and the Duke Digital Repository programs are supported in part by the Lowell and Eileen Aptman Digital Preservation Fund